Source Vedette F.C

Source Vedette F.C

Partager

Réhausser le Sport tout en tenant notre objectif,le fait d'être toujours champion.

09/07/2026

Komite SVFC salye chak grenn jwè endistekteman ak tout fans nou yo.Nou ap rantre nan konpetisyon an lendi 13 jiyè fas ak Mol FC, se dat antre nou nan konpetisyon an poun al goumen sou baz fair play.

Nou pap sèlman antre sou yon teren foutbòl; nou pral antre sou yon chan batay espòtif kote kouraj, disiplin ak inite dwe fè diferans lan.

Nou se sòlda Sous la. Yon sòlda pa janm abandone misyon li. Li respekte plan an, li rete ini ak ekip li, epi li goumen ak tout fòs li jouk dènye kout siflèt la.

Chak pas, chak kous, chak entèvansyon,chak kri,chak sakrifis nou pral fè sou teren an dwe montre kiyès nou ye. Nou pral chofe ekip nou pou kominote nou an espesyalman moun mòn Dejin, pou koulè Vè ak Jón nou pote ak fyète, epi pou istwa ekip la.

Sonje deviz nou: *Fòs, Disiplin ak Fyète*. Se twa zam ki pi pwisan nou genyen. Fòs pou nou pa dekouraje, disiplin pou nou respekte estrateji a, epi fyète pou nou onore mayo Sous vedèt la.

Lè nou pral antre sou teren an, kite advèsè yo santi prezans yon ekip ki prepare, ki ini, ki kwè nan tèt li,nan lanmou yon kominote. Pa gen plas pou laperèz; gen plas sèlman pou detèminasyon, solidarite ak viktwa.

Ale sou teren an ak konviksyon. Bay tout sa nou genyen. Epi pa janm bliye:

Sous Vedèt! Sous Vedèt! Sous Vedèt! Yon sèl vizyon, toujou chanpyon(Slogan poun repete avan chak match ofisyèl depi 2013) epi fanatik yo ap kriye sous la pete aprè chak viktwa!!!

05/07/2026

kalandriye Source Vedette FC pou premye tou 7ᵉ edisyon Chanpyona CTF la.

Nou envite tout fanatik yo rete branche epi vin sipòte ekip la nan chak match.

Source Vedette X3 — Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! ⚽

04/07/2026

Bonswa tout fanatik Source Vedette FC yo!

Nap fè tout Fanatik ekip la konnnen randevou a se lendi 13 jiyè pou vin sipòte ekip nou an,
kote Source Vedette FC pral jwe kont Môle pou premye match la.

Staff teknik la ak tout jwè yo deja pare pou gwo rankont sa a. Kounye a, se sipò nou ki pral fè diferans lan!

👕 Mayo fanatik yo disponib!
Pou pase pran pa w la, rele nou sou youn nan nimewo sa yo:

📞 4314-8079
📞 3179-0081
📞 4123-5849

Source Vedette X3 – Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! ⚽

02/07/2026

🟢 NOTE OFFICIELLE

Nous avons le plaisir de vous présenter Windzor 2 Richardson, un pur produit du centre de formation de Source Vedette FC.

Après avoir évolué avec Source Vedette B (Jeunes Vedettes), où il a poursuivi sa progression et confirmé tout son potentiel, il rejoint désormais l'équipe première de Source Vedette FC pour cette nouvelle saison.

Évoluant au poste de latéral droit, Windzor est un joueur de qualité, reconnu pour sa vitesse, son engagement et sa détermination sur le terrain.

Toute la famille de Source Vedette FC lui souhaite une excellente saison et beaucoup de succès sous ses nouvelles couleurs.

Source Vedette X3
Yon sel vizyon toujou chanpyon

01/07/2026

NOTE OFFICIELLE

Le club Source Vedette FC est heureux d'annoncer la signature de Lourdens Aidé, plus connu sous le surnom de Bélye.

Évoluant au poste de latéral gauche, Lourdens s'est fait remarquer lors de la précédente édition du championnat CTF sous les couleurs de l'équipe d'Anserouge FC, où il a réalisé de très belles performances. Il est également joueur de l'équipe Rêve d'Or, un club où il continue de démontrer toutes ses qualités.

Pour cette 7ᵉ édition du championnat CTF, Lourdens Aidé portera officiellement les couleurs de la Source Vedette FC.

À tous nos fans, préparez-vous ! Nous allons faire péter la Source.

Source vedette( X3 )Yon sèl vizyon Toujou chanpyon !!!

30/06/2026

📢 NÒT OFISYÈL

Se avèk anpil plezi nou prezante Caleb Céleste, yonn nan kapitèn ki toujou defann koulè sous la ak anpil fòs.

Caleb evolye kòm milieu offensif ak elye. Li se yon jwè ki deja pase plizyè sezon ap defann koulè Source Vedette, kote li toujou demontre kalite teknik li, vizyon li nan jwèt la ak kapasite li pou fè diferans sou teren an.

Li te fè pati ekip Source Vedette ki te sakre chanpyon CTF 2022, yon moman anpil fanatik toujou sonje. Anpil nan nou pa bliye bèl aksyon ak kalite jwèt li te konn montre.

Pou 7èm edisyon chanpyona CTF la, Caleb fè konnen li pare e li byen motive pou vin diskite tit la ansanm ak tout ekip la.

Nou swete w yon ekselan sezon anba koulè Source Vedette FC.

Source Vedette FC ( X3) – Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! 🏆

29/06/2026

NOTE OFFICIELLE ✍🏾🔥

Le comité de Source Vedette FC est heureux d'annoncer l'arrivée de Clifford Lucien, 23 ans, comme nouveau renfort de l'équipe pour la 7ème édition du Championnat CTF.

Milieu de terrain talentueux, Clifford a été formé au FC Toro de Pétion-Ville avant d'intégrer le Don Bosco de Pétion-Ville en 2020. Il vient également de disputer le Mondialito sous les couleurs du Rêve d'Or.

Tous ceux qui ont eu l'occasion de suivre le Rêve d'Or peuvent sûrement se souvenir de ce "Pye Lò". 😄⚽

Cette saison, il défendra fièrement les couleurs de Source Vedette FC. Nous lui souhaitons la bienvenue et beaucoup de succès sous nos couleurs.

Bienvenue Clifford Lucien !

SOURCE VEDETTE (X3) YO
Se yon sèl vizyon : TOUJOURS CHAMPION ! 🏆💪

29/06/2026

APÈL POU PATENARYA AK SPONSÒ 🤝⚽
Source Vedette FC salye ak anpil respè tout fanatik, sipòtè, zanmi ak tout moun ki toujou kanpe bò kote ekip la. Gras ak angajman nou, ekip la kontinye grandi epi reprezante kominote a ak fyète.

Nan kad preparasyon nou pou chanpyona vakans lan, nou lanse yon apèl bay tout antrepriz, enstitisyon,kandida, òganizasyon ak moun ki ta renmen vin patnè oswa sponsò ofisyèl ekip la.

Jiska prezan, Source Vedette FC poko genyen yon sponsò ofisyèl. Se poutèt sa nou envite tout moun ki vle envesti nan devlopman espò ak jenès la pou mete fòs yo ansanm ak nou.

Sipò nou ap pèmèt ekip la amelyore kondisyon travay li, ofri pi bon preparasyon pou jwè yo epi kontinye pote fyète pou kominote a.
Avantaj sponsò yo ap jwenn:
1)Vizibilite sou paj Facebook ak lòt platfòm dijital ekip la.
2) Logo oswa non sponsò a sou mayo ak lòt ekipman ofisyèl ekip la. 3)Rekonesans piblik kòm patnè ofisyèl Source Vedette FC.
4) Posiblite pou prezante pwodwi oswa sèvis yo pandan aktivite ekip la.
5)Opòtinite pou patisipe nan evènman ak rankont ekip la òganize.
6)Pwomosyon regilye atravè afich, videyo ak lòt materyèl kominikasyon ekip la.

Pou nenpòt fòm kolaborasyon oswa patenarya, tanpri kontakte nou sou:
📞 3179-0081 /4314-8079 / 5638-2318

Nou remèsye davans tout moun ki pral chwazi mache avèk nou. Ansanm, n ap kontinye fè Source Vedette FC grandi epi ekri nouvo paj nan listwa li.
Source Vedette! Source Vedette! Source Vedette!
Yon sèl vizyon, toujou chanpyon! 💙⚽

29/06/2026

🚨 NÒT OFISYÈL 🚨

Source Vedette FC gen anpil plezi pou l prezante nou Louis Djino, yon jèn milye teren ki pral pote koulè ekip la pou 7èm edisyon Chanpyona CTF la.

Louis Djino se yon jwè AS Bochan ki byen koni nan chanpyona entè-zòn Pòdpè a. Li se yon milye teren ki gen anpil kalite teknik, ki alèz ak balon, ki gen bon vizyon jwèt epi ki toujou chèche fè ekip li a jwe.

Apre yon akò ant tou de pati yo, Louis Djino pral mete talan li ak detèminasyon li nan sèvis Source Vedette FC. Nou swete l anpil siksè anba nouvo koulè sa yo.

Byenveni lakay ou, Louis Djino! Tout fanatik yo deja ap tann bèl pèfòmans ou sou teren an poun arive retalize objectif nou ki se rantre ak koup lan nan baz nou.

SOURCE VEDETTE! SOURCE VEDETTE !! SOURCE VEDETTE !!!
Yon sèl vizyon:TOUJOU CHANPYON! 🏆💙

28/06/2026

Banm wè konbyen fanatik sous la ki prezan pandan staff kominikasyon an ap prepare yon ti pikliz ak yon ti chou ole nan kizin lan pou nou.......

1)Ki slogan sous la?
2)Ki koulè ofisyèl sous la genyen...

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Jean-Rabel ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Adresse


Jean-Rabel