06/25/2026
Se avèk anpil tristès ak gwo doulè nou aprann nouvèl lanmò frè nou, Clifford Sommerville, yon manm enpòtan nan fanmi FC Lacul la.
Clifford pa t sèlman yon jèn jounalis ki te renmen metye li, li te tou yon manm komite ekip la ki te toujou dispoze bay tan li, enèji li ak konesans li pou avansman FC Lacul. Devouman li, respè li ak lanmou li pou ekip la ap toujou rete vivan nan memwa nou.
Jodi a, FC Lacul pèdi yon gwo kolaboratè, yon zanmi ak yon frè. Men eritaj li kite dèyè a pap janm efase.
Nan moman doulè sa a, nou prezante senpati nou ak fanmi li, zanmi li yo, kòlèg li yo ak tout moun ki te gen privilèj konnen li.
Repoze anpè, Clifford. FC Lacul pap janm bliye w. Ou kite nou twò bonè, men souvni ou ap viv pou toutan nan kè nou. 🕊️💔
FC Lacul
Yon fwa Lacul, toujou Lacul. ⚽🖤🕊️
07/23/2025
Kek fanatik kite prezan nan premye rankont ekip Fc Lacul la ki tap afwonte ekip a. Siw te nan match la ou pa wè fotow ,
nou just poko ka idantifye tout moun men nou pa fè sa volontèman.
Tout moun ki fyè ke yo se moun Lacul pataje post yo epi tagg non moun ou konnen nan foto yo.
08/10/2023
Gran salitasyon espesyal Ak tout fanatik dirijan e Ak tout lot moun ki Ap deplase pou Al sipòte Fc Lacul Nan yon si bel rankont fas Ak ekip DDN Nan jodia. Se yon match ki gen anpil suspens paske Nou tou 2 bezwen viktwa pou Nou asire kalifikasyon Nou pou 8em de final. Jan Nou toujou Dil Ak tout fanatik fidél Nou yo. Pou yo TJ gade sajès yo ak tout bon konpòtman yo Nan parc la. Chofe ekip ou Nan la Paix Ak respé youn pou lot.. nap mande tout moun debake an foul epi afichew Ak ekip ou pouw moutre kotew kanpe. Nou pwomèt tout fanatik Nou yo viktwa!! Randevou 4h Nan parc Gerard Christophe. Merci
08/04/2023
Patwon defans nou an ap fete jodi a yon nouvo prentan profite lavi solda kontinye briye 🍾🍾🍾
07/09/2023
Foutból se yon jwét ki senbolize lanmou, linyon, Ak lapé Nan mitan tout pasyone li yo, se yon jwèt ki ini tout klas, pa gen afé ran sosyal ladanl. Jodia se jou pou Nou afwonte premye epwév Nou Ak ekip vwazen Nou ki se fc dufort, nap mande tout fanatik debake an foul pouw Al sipóte ekip kew renmen anpil la. Pandan nap chofe Nan respé youn pou lót. Nou tout deja konnen jwét la gen 3 rezilta ladanl e se youn kap pase. Se viktwa, defét epi nil.. si ekip ou fé viktwa ou ka toujou selebre sanw pa deranje lòt la paske Santiman Nou pap menm Nan moman an.. si ou fé defèt pa ret Nan fè diskisyon pale anpil. Al konsantre Nou plis pou Nou genyen yon meyè rezilta Nan prochenn match Nou. Aprè midi an a 4h nap tann tout fanatik FC LACUL Nan parc la pou vin fé koze. Mache a koulé ekip ou ki se vert et blanc. Si tout fwa ou vle ht yon mayo ekip la pouw Al sipôtel ou ka di sa Nan yon kómanté epi nap kontaktew. Merci pou konpreyansyonw...
07/09/2023
C’est le jour de match !⚔️
Allez Fc L’acul !💚🤍