Evens Cadet

Evens Cadet

Partager

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Evens Cadet, Centre d'Operation d'Urgence de Tabarre, Tabarre.

10/08/2026

Jodia fèm ekzakteman 3 lane Depim kite ayiti poum te vin etidye lafrans e chak fwa mw gadem menm si gen anpil bagay ki mankem nan peyim men mw fini pa reyalize se youn nan pi bèl e bon desizyon kem te pran paskem te chwazi tounen lekòl ✋🏾.

Lèm te konn ap fè komès poum sanble lajan poum envesti nan tèt mw te gen kèk moun kite mache dim se ti machann kremas 🤭🤭🤭. Nou wè ti machann kremas la sa nou di 😂😂🤭🤭🤭.

Ou menm ki aksepte pran eskalye lavi a konnen moun ap toujou kritikew tou otan ou anba mach yo men pa okipe yo … leve tèt ou kontinye monte .. e si tout fwa ou ta tonbe … pran apwi sou Mach yo pouw kontinye monte ✋🏾.
Jan wap gadem la sim ta diw konbyen so mw pran sou Mach eskalye lavim wap di tèt ou eske zo mw pa fele 👌 … Ebyen non ✋🏾
Mw djanm , mw kontan , mw fyè pou sa mw reyalize ak tèt mw
E si mw ta gen poum retounen nan pasem mtap fè menm pakou yo ak menm doulè yo paske mw pote fwi 🍇🍑🍒🥭🍍🍈🍉🍊🍐🍌🍎🍋‍🟩🍋🍏.

10/08/2026

🇭🇹 KESYON POU JÈN PWOFESYONÈL AYISYEN NWA YO Espesyalman sila yo ki nan telekominikasyon, avoka, enjenyè, antreprenè ak KONSILTAN nan sektè telekominikasyon ann Ayiti.

DIGICEL, NATCOM, Hainet, HDN, LC2K, ACN

Kòm yon antreprenè ayisyen nan diaspora, kom yon ayisyen ki gen yon degree en computer engineering en 1999 m gen yon bagay kap boulvèse m depi kèk tan.

Poukisa an 2026, yon biznis ann Ayiti toujou bezwen 3, 4 e mèm 5 telefòn selilè DIGICEL oubyen NATCOM sou biwo l pou l resevwa apèl kliyan l yo?

Poukisa nou pa ka fasilman gen yon sèl nimewo pou biznis la, ak ekstansyon, transfè apèl, Cloud PBX ak sèvis VoIP modèn, menm jan ak biznis lòt bò fwontyè yo nan Repiblik Dominikèn?

Mwen sonje an 2017, lè m te vle fè biznis ann Ayiti, yon konpayi te di m sèvis VoIP komèsyal te ilegal ann Ayiti.

Kesyon m ap mande nou: èske li vrèman ilegal? Oswa èske pwoblèm nan se paske CONATEL poko bay antreprenè yo yon chemen regilasyon ki klè epi fasil pou konprann?

Paske dapre sa mwen li sou sijè sa a, an 2026, yon gwo pati nan kad legal telekominikasyon ann Ayiti toujou
baze sou dekrè lwa ki soti depi plizyè dizèn ane:

— Dekrè sou Telekominikasyon 12 oktòb 1977
— Dekrè 10 jen 1987 sou pouvwa regilasyon CONATEL

Si se konsa, sa tap vle di tout Chanm Depite (NEG NWA) ak Sena (NEG NWA ki pase yo pat fè anyen pou modènize sistèm nan, se zafè dyab nèt wi kap regle!

Enfrastrikti VoIP modèn kapab ede Ayiti atire call centers, ede biznis ayisyen yo vin pi modèn epi kreye plizyè milye djòb pou jèn Ayisyen.

Imajine antreprenè ayisyen kapab kreye sant apèl (call centers) modèn nan Pòtoprens, Okap, Okay, Jakmèl ak lòt vil atravè peyi a.

Imajine jèn Ayisyen kap travay depi Ayiti, ap reponn apèl sèvis pou konpayi Ozetazini, Kanada, Lafrans ak nan peyi Karayib yo.

Imajine biznis ayisyen nan dyaspora a kapab bay jèn ann Ayiti travay kòm sales reps, kote yo ka rele kliyan ayisyen Miami, New York epi pale Kreyòl avèk yo.

Imajine doktè ayisyen USA,
CANADA, la France etc tap bay jèn ayisyen en ayiti job pou fè randevou pou pasyan yo en kreyol etc
JOB JOB JOB etc

Tout sa kapab vin pi fasil si CONATEL mete yon chemen legal ak regilasyon klè pou antreprenè ki vle opere sèvis VoIP, epi pèmèt operatè ki kalifye jwenn aksè ak Plan Nasyonal Nimerotasyon (PNN) pou yo kapab jwenn blòk nimewo tankou +509 # # # # achte.

Sa vle di travay.
Sa vle di opòtinite.
Sa vle di yon avni pou jèn Ayisyen yo. 🇭🇹

SA TE KA FÈ ANPIL JÈN PA AL PASE MIZÈ NAN PANYÒL

Mwen fatige wè jèn entelektyèl, pwofesyonèl ayisyen ap mache nan radyo ak medya sosyal ap fè jèn yo pè, ap pale milat mal, pandanstan se yo ki kreye problem yal pale de yo a yo….

Yo konn kisa ki pou fèt ki pou resoud yo. Men yo pito tounen KONSILTAN pou resoud yo pou yon ti group.

SE PROBLEM SA A YO KI FÈ YAP TRAVY KÒM KONSILTAN KI FÈ YAP VIV BEL VI YAP VIV YO

Ayiti gen talan. Nou bezwen kreye opòtinite yo.

And black Haitian intellectuals know where the bones are hidden 🇭🇹

Photos from Jhonson Napoleon's post 10/08/2026
09/08/2026
01/08/2026
Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Tabarre ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Téléphone

Site Web

Adresse

Centre D'Operation D'Urgence De Tabarre
Tabarre
509

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00