FC BORNO

FC BORNO

Partager

Fondée le 06/06/2024

03/08/2026

🎉 Bòn Fèt Prezidan ⚽🎂

Jodi a, tout fanmi FC BORNO ap selebre yon moun ki toujou mete kè l, tan li ak enèji li nan devlopman ekip la.

Nou swete Prezidan nou an yon bòn fèt ki chaje ak sante, benediksyon, kè kontan ak anpil siksè. Nou swete Bondye kontinye ba w fòs, sajès ak kouraj pou mennen FC BORNO toujou pi lwen.

🙏 Mèsi pou angajman w, lidèchip ou ak tout sa w ap fè pou ekip la.

Bòn fèt Prezidan 🎂🎈
FC BORNO ap toujou kanpe dèyè w. 💙💛⚽

17/06/2026

💙💛

13/06/2026

✅️💛💙

13/06/2026

Li gen non pal (Evens) men antanke jwè yo relel Ter Stegen
Denye ranpa nou
Avanl nou tap pledi pedi a koz gadyen men ane sa fel 2 zan depil rezoud pwoblem sa pou nou
Esk nou sonje gol li te retire nan final la ane pase👏🏾👏🏾👏🏾👏🏾
Ben nou vin dil mesi pou sa e dil pa gen bon ekip san li,pask apre tt sal fe jodi a nou dwe wete chapo devan gwo bout pefomans li an
E menm jan ak atakan yo ki fon gwo match,li se youn pami pi bon jwè jodi a🙌🏽
Fc Borno💙💛diw mesi paskw finalman yon kad ekip sa

Mesi pa sifi sipesta!

13/06/2026

Pi wouye pi koupe☺️😊☺️
Fc Borno santil fye poul di jwe sa sot nan fyef li
Konbativitel eksepsyonel pou nou
Meolien pase de prezantasyon tigwav deja e nou fye poun di se timoun zòn nan kap rann zone li fye
Apre 2 match towo a se meye bitè nou pou sezon an ak 3 gol

Li pati poul fon gwo sezon ave nou
Fanatik ekip 💙💛 santil onore paskl genyenw devan

Kenbe konsa bel jwè

13/06/2026

Nou sonje Naoby😂😂meye jwe ekip la ane pase e jwe ki te malmennen tt defansè li te jwenn sou wout li ane pase a,ben li ouvri kontè gol li jodi a
Nou konn sa sa vle di depil komanse li pap kanpe
Li pati pou yon pi bel sezon anko antanke kapitèn

Ekip 💙💛ap felisitel piblikman e dil mesi pou sa lap fe kom travay pou ekip la

13/06/2026

Ekip 💙💛 jwe yon match solid pou 2e match li nan chanpyona koup St Jean Baptiste la☺️☺️
Apre yon premye mitan ki pat fin korek
Kote yo tap mennen 1-0 sou nou,nou te rive egalize ak yon koufran pa T-pye
E gras a 2 lot gol nou rive bat 1-3

E seriz sou gato a T-pye soti a twofe MVP a

12/06/2026

Se jodi vandredi 12 jwen an ekip 💙💛 ap jwe 2e match li nan coup St Jean Baptiste la
Se moman siw potko we koman nou jwe pouw vin gade

Ann avanse pou nal pran 3 pwen jodi a

Photos from FC BORNO's post 08/06/2026

Bòn fèt a youn nan pi gwo defansè moman « Jackson di Trent Arnold »🙌🏽
Defansè ki rann ou alezz lèw se gadyen
FC Borno fyè paskl genyenw kom konbatan e pwofite diw mesi paskw chwazi pot koule jo’n e ble a 💛💙
Ekip la fyè de ou

Pwofite jounen an!

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Petit Goâve ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

Petit Goâve