Foot Dekòde

Foot Dekòde

Partager

Konprann foutbòl la yon lòt jan ak Foot Dekòde. Analiz an pwofondè sou taktik, jesyon ekip, ak fenomèn espòtif majorite moun pa wè.

Konpreyansyon foutbòl ap pèmèt ou jwi pi byen tout sa l ka ofri w kòm valè, tankou disiplin, rezilyans, motivasyon...

07/07/2026

Eske yon jwè ka egzekite yon rantre touch tou gòl ?
Si boul la antre nan gòl la san kontre nan kò pèsòn, sa k ap pase ?
Ann gade videyo sa jis nan fen pou n jwenn repons yo.

08/06/2026

Nou pral bezwen tout sipò posib pou Koup di Mond lan!

Ann montre lanmou nou pou Grenadye yo pa sèlman jou match yo, men chak jou. Swiv jwè yo sou Instagram

# # Goalkeepers
- J***y Placide — https://instagram.com/johny_placide
- Alexandre Pierre — https://instagram.com/pierrot.jr
- Josué Duverger — https://instagram.com/josue_duverger01

# # Defenders
- Ricardo Adé — https://instagram.com/adericardo4
- Carlens Arcus — https://instagram.com/carlens_arcus
- Martin Expérience — https://instagram.com/martin_experience
- Jean-Kévin Duverne — https://instagram.com/jk_duverne
- Duke Lacroix — https://instagram.com/duke.lacroix
- Wilguens Paugain — https://instagram.com/_wilpaug_
- Hannes Delcroix — https://instagram.com/hannes_delcroix
- Keeto Thermoncy — https://instagram.com/keeto.thermoncy

# # Midfielders
- Leverton Pierre — https://instagram.com/leverton_p19
- Danley Jean-Jacques — https://instagram.com/danley_jean_jacques27
- Carl Sainté — https://instagram.com/carlfredsainte
- Jean-Ricner Bellegarde — https://instagram.com/bellegardejr
- Woodensky Pierre — https://instagram.com/woodensky06
- Dominique Simon — https://instagram.com/d.simon29

# # Forwards
- Duckens Nazon — https://instagram.com/nazon.official
- Frantzdy Pierrot — https://instagram.com/frantzdy_9
- Derrick Etienne — https://instagram.com/detienne10
- Louicius Deedson — https://instagram.com/louiciusdon
- Ruben Providence — https://instagram.com/r.providence7
- Josué Casimir — https://instagram.com/j.casimir_
- Yassin Fortune — https://instagram.com/yassin_fortune_afc
- Wilson Isidor — https://instagram.com/wilsonisidor21
- Lenny Joseph — https://instagram.com/lenny.joseph19

# # Coach
- Sébastien Migné —https://instagram.com/sebastien_migne

23/05/2026

🇭🇹 Violette ka resevwa 11 000$ US PA JOU akoz Woodensky nan Mondyal la. 👀

Dèyè gwo konpetisyon FIFA yo, gen yon sistèm finansye ki pèmèt klèb yo touche lajan lè jwè yo ale nan seleksyon nasyonal. Men kijan sa mache vrèman? Ki klèb ki benefisye? Kijan FIFA kalkile kòb la? 🤔

Nan videyo sa, n ap dekòtike Program Avantage Club FIFA a senpman, ak kestyon-repons pou tout moun ka konprann. ⚽️💰

Football la pa sèlman sou teren an… gen yon gwo ekonomi dèyè l. 🌍

🔥 Gade videyo a jouk nan fen an epi di m : èske w panse sistèm sa ka ede football ayisyen an devlope?

18/05/2026

⚽🌍 Football pa sèlman sa k fèt sou teren an.
Dèyè chak match, chak konpetisyon , chak seleksyon nasyonal, gen yon gwo sistèm òganizasyon ki kontwole tout bagay.

Nan nouvo seri videyo sa a, n ap antre fon nan estrikti football mondyal la 🔥
N ap dekouvri ansanm :
🏆 Kisa FIFA ye vrèman
🌎 Wòl konfederasyon yo tankou UEFA, CONCACAF ak lòt yo
🇭🇹 Kijan federasyon chak peyi fonksyone
📋 Kiyès ki pran gwo desizyon yo nan football
💰 Kijan konpetisyon yo òganize
⚖️ E kijan règ yo aplike atravè mond lan

Si w renmen football, ou bezwen konprann sistèm ki dèyè jwèt la. Paske anpil moun gade match… men trè kèk moun konprann kijan football mondyal la vrèman mache. 👀⚽

📌 Abòne, paske seri sa a ap chanje fason w wè football la.

04/05/2026

Les Cayes FC te òganize yon seyans deteksyon pou jèn talan ki vle entegre ekip la Samdi 2 me 2026 lan.

Malgre sa pa t nan plan nou okòmansman, apre anpil demand ak volonte pou n vin pi fò, nou te pran desizyon pou ouvri pòt la.

Plis pase 30 jèn ki sòti nan tout Grand Sid la te reponn prezan, ak anpil detèminasyon ak rèv.

Kontinye suiv nou n ap prezante w nouvo pantè 🔵🔥

02/05/2026

Plizyè nan nou poze m kesyon sa :
Kòman fanm k ap jwe football jere moman règ yo ?
Nou envite yon jwèz football ki jwe nan pi wo nivo nan peyi a e reprezante peyi a plizyè fwa pou reponn kesyon sa yo.
Vin gade pou w jwenn repons ak kesyon sa yo.
Si w gen lòt kesyon, poze l nan espas kòmantè a.

27/04/2026
Photos from Ligue Inter-Scolaire Féminine de Football's post 27/04/2026
26/04/2026

Dènye chapit sou tèren an rive.⚽🔥
Nou fin dekouvri prèske tout sekrè tèren foutbòl la, men gen kèk detay anpil moun neglije… e se yo menm ki konplete jwèt la.

Nan videyo sa, m ap montre w dènye pati yo:
✔️ Zòn kwen an ak drapo yo
✔️ Dènye makaj ki fè diferans nan desizyon abit la
✔️ Ti detay ki parèt senp… men ki ka chanje yon match

Si w panse ou te konnen tèren foutbòl la, videyo sa ap fè w re-pansee tout bagay.

👉 Gade li jis rive nan fen, paske se la w ap konprann jwèt la vrèman.

💬 Di m nan kòmantè: ki pati nan tèren an ou te pi souzestime?

22/04/2026

Nan pati sa a nan seri a, nou antre pi fon nan estrikti tèren an:
📏 dimansyon yo
📍 diferan zòn yo
📖 sa lwa football la di sou yo.

Paske football pa sèlman jwe, li òganize ak presizyon.

Si ou se jwè, coach, oswa ou renmen football, ou pa gen dwa pa metrize eleman de baz football yo. Se y ap fasilite w konprann sa k ap pase sou tèren an.

🎯 Objektif seri sa a:
fè ou wè tèren an tankou yon pwofesyonèl, pa tankou yon amatè.

👉 Pa rate pwochen pwochen videyo yo paske chak detay konte.

Vous voulez que votre entreprise soit Gym la plus cotée à Les Cayes ?

Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Emplacement

Site Web

Adresse

Les Cayes