18/08/2026
Madi a gen yon dènye randevou anvan chanpyona a pran yon lòt vire… AKAO Soccer. 👀🔥⚽
Jodi a, se dènye match faz de gwoup yo avan nou antre nan 1/4 de final yo nan AKAO Soccer. Epi se TEAM FU**ER 🟠🔴 ak FC MÈSENÈ 🖤💛 ki pral fèmen chapit sa a sou teren an. 👀🔥
⚔️ TEAM FU**ER 🆚 FC MÈSENÈ
🗓️ Madi 18 Dawout
🕠 5:45 PM
📍 Ri Jean Jacques Acaau
Dènye match pou faz de gwoup la vle di yon sèl bagay: pa gen demen pou kalkile ankò. 🔥⚽ Chak aksyon ka konte, chak gòl ka gen pwa pa l, epi piblik la ap gen yon dènye gwo randevou anvan batay 1/4 de final yo kòmanse.
Vinn kale kòw nan AKAO Soccer, paske jodi a n ap fèmen faz de gwoup la jan l dwe fèt. 🖤💛🔥
👇 TEAM FU**ER oswa FC MÈSENÈ? Kiyès ou panse k ap fè dènye pawòl la avan 1/4 de final yo? 👀
**ERvsFCMESENE
17/08/2026
Lendi pa oblije raz… sitou lè AKAO Soccer gen match pou ou. 👀🔥⚽
Jodi a, FC PANTHER 🐆💙 ak A.S GRAND BLACK 🖤 pral fè fas sou teren AKAO Soccer a pou yon match ki deja gen tout bagay pou l mete piblik la sou tansyon. 👀🔥 De ekip, yon sèl teren, epi okenn ladan yo pap vin fè figiran. ⚽🗣️
⚔️ FC PANTHER 🆚 A.S GRAND BLACK
🗓️ Lendi 17 Dawout
🕠 5:45 PM
📍 Ri Jean Jacques Acaau
Boul la ap woule, duel yo ap fèt, epi foul la ap gen pwòp travay pa l bò liy lan. Yon bon aksyon ka leve tout moun, yon gòl ka chanje anbyans lan nan yon segonn. 🔥🗣️⚽
Vin pran plas ou, paske Lendi sa a gen randevou pa l nan AKAO Soccer. 💛🖤
👇 FC PANTHER oswa A.S GRAND BLACK? Kiyès ou wè k ap pran avantaj jodi a? 👀🔥
16/08/2026
Dimanch lan gen yon ti bagay li pa ka rate… AKAO Soccer. 👀⚽🔥
Jodi a, FC MANAY 🦁💙💛 ak ST-ETIENNE 🔴⚪ ap bay yon lòt jounen boul tèt chaje sou teren AKAO Soccer a. De ekip yo pare pou goumen pou chak balon, pandan piblik la deja pare pou reponn ak bri, rele ak tout chalè match la. 🔥🗣️⚽
⚔️ FC MANAY 🆚 ST-ETIENNE FC
🗓️ Dimanch 16 Dawout
🕠 5:45 PM
📍 Ri Jean Jacques Acaau
Gen drib ki fè foul la leve, gen duel ki fè moun pran souf, epi gen gòl ki ka fè tout anbyans lan chavire nan yon segonn. 👀🔥
Pa rate randevou a. Vin pran plas ou epi viv match la sou plas! ⚽🙌🏽
👇 FC MANAY oswa ST-ETIENNE? Kiyès k ap fè plis bri jodi a? 🔥
15/08/2026
Samdi san AKAO Soccer? Sa pa sonnen byen ditou. 😏🔥⚽
FC 3J 🖤⚽ ak JKB 💙💛 ap kwaze jodi a sou teren AKAO a, epi match sa a vini nan yon moman kote plas yo nan chanpyona a ap vin pi chè. 👀🔥
⚔️ FC 3J 🆚 JKB FC
🗓️ Samdi 15 Dawout
🕠 5:45 PM
📍 Ri Jean Jacques Acaau
Se kalite match kote yon bon aksyon ka fè foul la leve, yon ti espas ka chanje tout bagay, epi yon gòl ka voye tout anbyans lan anlè. 🗣️🔥⚽
Samdi sa a, pa rete ap mande sa k pase… vin wè l ak pwòp je w nan AKAO Soccer. 👀💛🖤
👇 FC 3J oswa JKB? Ki ekip w ap pran pou match sa a?
_________________________________
🎉 Bonne Fête Notre Dame ⛪️ 🙏🏾
🎊 La Ville des Cayes ♥️
14/08/2026
🗣️ E san kanpe l ye uiiiii 🔥
Plezi vakans lan ap kontinye pita nan Akao Soccer ⚽️🟡⚫️
Jeune Vedette 🆚 Fc Varane
🗓️ Vandredi 14 dawout
🕠 5h:45 PM
📍 Ri Jean Jacques Acaau
Vinn kale kòw nan Akao Soccer 💛🖤